Pwoblèm Lègal

Biwo Greater Boston Legal Services sitiye nan downtown Boston. Nou geyen lòt kote pou konsiltasyon ki sitiye nan kominote kote kliyan nou yo viv ak travay. Gade Lokasyon Sèvis pou yon lis de kote ak lè yo ap genyen konsiltasyon.

Aprann ki moun pou rele ak ki kote pou jwenn èd nenpòt kote nan Massachusetts.

Anba la se yon lis de matyè lègal priyorite nou ak sèvis avoka ak defansè nou yo ka ede avèk:

Sipò Pou Ganmoun Aje

  • Lojman/Dwa lokatè
  • Pwoblèm nan mezon pou granmoun aje
  • Defans kont gadyen legal
  • Benefis santé tankou as Medicaid and Medicare
  • Social Security and SSI
  • Benefis pou veterans
  • Food stamps

Sipò pou djob

  • Peman (pa touche peman, minimòm peman , lè siplemantè)
  • Revni pandan peryòd chomaj
  • Aksè a pwogram fòmasyon pou travay
  • Aksè a kredi nan tax ak konsèy sou tax
  • Enfòmasyon sou Dosye Kriminèl; Criminal Offender Record Information (CORI)
  • Kanpay Politik Piblik pou Peye Jou Malad, Dwa travayè Tanporè, Konje parental, Chomaj

Sipò pou fanmi

  • Lòd pou pa fè seri de zak (pou mounki viktim abi ak timoun yo)
  • Planifikasyon sekirite pou prevansyon abi
  • Divòs
  • Gadyen lègal oswa lègal konsènan dwa vizit
  • Tès patènite
  • Sipò pou timoun

Sipò pou Enfimite

  • Aksè a benefis
  • Swen pou santé(tankou Medicaid oswa lòt pwogram asirans piblik) ak transpòtasyon
  • Pran oubeyn kenbe Social Security or SSI benefis pou enfimite

Sipò pou lojman

  • Sezi kay
  • Pran avantaj nan pwatik kredi
  • Fayit/dèt sekou
  • Pwatik vann ki enjis
  • Federal Subsidized Housing/Section 8
  • Eviksyon
  • Shèltè an ijans ak Lojman Tranzisyonèl
  • Pwoblèm Lwe

Sipò pou imigrasyon

  • Azil ak refij ki an sekirite
  • Pwoteksyon pou moun ki sove abi domestik, agresyon seksyèl ak lòt kalite krim
  • Dokimantasyon
  • Reyinifikasyon fanmi
  • Pwoteksyon imanitè
  • Pwoteksyon kont depòtasyon

Reprezantasyon konsène DTA, benefis lajan, Food Stamps ak plis:

  • TAFDC benefis lajan pou fanmi ki gen timoun ak fi ki ansent
  • EAEDC benefis lajan pou moun ki gen adikap, granmoun aje, moun k ap pran swen yon moun ki andikape, epi fanmi ki gen moun ki ka jwenn TAFDC
  • Food Stamps (SNAP)
  • Benefis swen timoun pou benefisyè TAFDC ak lòt moun
  • Ede w ak benefis tankou baryè ki anpeche aplike, rejte aplikasyon, rediksyonak ak tèminasyon benefis yo, asire ke ou resevwa kòrèk montan benefis yo, rèpwèsyon ak konsekans ki afekte benefis
  • Dwa pou kontinye edikasyon ak fòmasyon pandan w ap resevwa TAFDC ak aksè a pwogram
  • Transpòtasyon benefis pou benefisyè TAFDC ak ansyen benefisyè
  • Imigran kalifikasyon konsèy ak reprezantasyon
  • Asistans pou moun ki pa pale angle byen ki gen rapò ak DTA ak plizyè kalite ajan ki bay swen pou timoun, ak Child Support Enforcement gwoup de DOR
  • Pwoblèm ak sipò pou timoun ki benefisyè TAFDC ak ansyen benefisyè
  • Eksepsyon nan limite lè obligasyon travay TAFDC